FÒMASYON KAT · 18 LESON VIDEYO AN KREYÒL

Kreye kat sou non w an Ayiti, rechaje yo ak MonCash/NatCash san frè, epi kontwole tout tranzaksyon ou sou telefòn ou.

Ou vle fè yon kòmand sou Shein, Amazon oswa Fashion Nova, men ou oblije chèche yon lòt moun pou peye pou ou?

Ou bezwen peye boustaj Facebook oswa TikTok, yon abonman, yon zouti pou travay ou oswa yon lòt sèvis sou entènèt, men ou oblije tann yon moun ki gen kat?

Petèt ou deja gen yon kat. Men chak fwa ou bezwen rechaje li, ou oblije retounen jwenn moun ki te fè l pou ou, epi pafwa peye yon lòt frè ankò.

Lajan an se pou ou. Acha a se pou ou. Men se yon lòt moun ki toujou gen kontwòl sou peman an.

Fòmasyon sa a fèt pou chanje sa.

Nan fòmasyon sa a, mwen montre w plizyè fason mwen itilize pou jwenn kat vityèl ak kat fizik, mete yo sou non pa w kote sa posib, rechaje yo ak MonCash/NatCash, epi jere yo dirèkteman sou telefòn ou pandan w an Ayiti.

Se ou ki gen kat la. Se ou ki rechaje l. Se ou ki kontwole sa w ap peye.

18 leson videyo•Kreyòl Ayisyen•Jeen Wood
9 750 Goud15 000 Goud

Yon sèl peman · Aksè pèmanan

  • 18 leson videyo
  • Aksè pou tout tan apre acha dirèk
  • Sètifika enkli
  • Mizajou ak nouvo leson gratis
  • Kreyòl Ayisyen

Leson videyo yo

18 leson videyo
01Premye Mo (intro)
023 Tip de kat ki genyen
03Tout Fason ki posib pou w gen kat ayiti
04Premye Fason pou gen kat ayiti - bank ayiti
05Dezyèm Fason pou gen kat ayiti - Kat bank lot peyi
06Twazyèm Fason pou gen kat ayiti - LLC
07Katriyèm Fason pou gen kat ayiti - Kek Platform
08Rezime Tout Fason pou gen kat ayiti
09Koman Pou Kreye Kat Sou Premye platform lan
10Koman Pou rechaje kont ou sou premye platform lan
11Business ou ka fe ak Premye platform lan
12Business #2 ou ka fe ak Premye platform lan
13Platform #2 ki bay kat vityèl (+fizik)
14Platform #3 ki bay kat vityèl (+fizik)
15Platform #4 ki bay kat vityèl (+fizik)
16Plizyè Lot platform ki bay Kat Vityèl + fizik
17Koman pou fe lajan ak platform yo + fomasyon saa
18Denye Mo (outro)

Fòmasyon videyo sou YonPousan

Ou suiv tout fòmasyon an dirèkteman sou sit YonPousan. Lè ou achte fòmasyon an dirèkteman, li rete nan kont ou pou tout tan. Ou ka retounen gade leson videyo yo nenpòt lè ou vle.

Konekte sou telefòn oswa òdinatèAksè pou tout tan apre acha dirèk

Mwen pataje fason mwen itilize nan pwòp biznis mwen

Mwen se Jeen Wood.

Mwen ap fè biznis depi oktòb 2023, epi mwen gen plizyè biznis. Prèske tout aktivite sa yo bezwen kat ak peman sou entènèt pou yo fonksyone.

San kat, mwen pa ka peye anpil nan sèvis, zouti ak lòt bagay mwen bezwen pou travay mwen.

Se poutèt sa, sou tan, mwen teste epi itilize plizyè kalite kat, bank ak platfòm diferan selon kalite peman mwen bezwen fè.

An jeneral, mwen rechaje kat mwen yo ak MonCash/NatCash.

Nan fòmasyon sa a, mwen mete eksperyans sa a devan w: platfòm mwen itilize yo, fason mwen itilize yo, diferans ki genyen ant opsyon yo, ak etap pratik yo sou ekran.

Ou ka fè plis bagay lè peman an nan men pa w

Ou wè yon atik ou renmen sou Shein, Amazon oswa Fashion Nova? Ou ka fè kòmand ou menm.

Ou bezwen peye Facebook Ads oswa TikTok, renouvle yon abonman, achte yon zouti pou travay ou oswa peye yon sèvis sou entènèt? Ou gen yon kat pou sa.

Si ou fè biznis sou entènèt, ou ka sèvi ak kat ou pou peye sèvis, zouti ak pwodwi ou bezwen pou fè aktivite ou mache.

Ou chwazi sa ou peye, ou konnen konbyen ou depanse, epi ou suiv tranzaksyon ou dirèkteman sou telefòn ou.

Se pa yon sèl kat mwen prezante w

Mwen pa vle montre w yon sèl aplikasyon epi kite w depann de li.

  • bank an Ayiti
  • bank Ozetazini
  • diferan platfòm ki bay kat vityèl
  • diferan opsyon pou kat fizik

Ou pral dekouvri plizyè fason pou jwenn kat selon bezwen ou.

Mwen prezante opsyon atravè yon LLC tou pou moun sa enterese.

Ou pa oblije gen yon LLC oswa yon biznis anrejistre pou tout opsyon yo.

Gen solisyon mwen prezante kote ou ka jwenn kat sou non pa w ak enfòmasyon pa w pandan w an Ayiti.

Objektif la se pou ou soti nan fòmasyon an ak plizyè chwa epi konprann ki opsyon ki adapte ak kalite peman ou bezwen fè.

Jwenn kat la se yon bagay. Konnen kijan pou rechaje li se yon lòt bagay.

Si chak fwa kat ou fini ou oblije retounen jwenn yon lòt moun epi peye yon frè pou mete lajan sou li, ou toujou depann de moun sa.

Se poutèt sa mwen montre w kijan mwen rechaje kat yo ak MonCash/NatCash.

Mwen montre w metòd pou rechaje san frè rechaj pou kat mwen prezante yo kote metòd sa yo disponib.

Ou pa sèlman aprann jwenn kat la.

Ou aprann kijan pou mete lajan sou li epi kontinye sèvi avèk li poukont ou.

Kontwole kat ou ak tranzaksyon ou sou telefòn ou

Selon opsyon ou itilize a, ou ka wè balans ou, suiv tranzaksyon ou, jere kat la epi kontwole itilizasyon li dirèkteman sou telefòn ou.

  • ki peman ki pase
  • konbyen ou depanse
  • ki balans ki rete
  • kijan kat la ap itilize

Sa ede w konnen:

Sèvi ak sa ou aprann pou fè yon sèvis tou

Konesans lan pa oblije sèvi sèlman pou kat pa w.

  • fè acha sou entènèt
  • peye piblisite
  • peye abonman
  • itilize sèvis entènasyonal
  • peye zouti pou biznis

Mwen montre w kijan pou sèvi ak sa ou aprann pou ede lòt moun jwenn kat, epi fè kliyan peye pou sèvis ou.

Gen anpil moun ki bezwen kat pou:

Men yo pa konnen kijan pou jwenn oswa mete kat la an plas poukont yo.

Ou ka sèvi ak konesans ou aprann nan fòmasyon an pou ofri yon sèvis bay moun sa yo.

Ou aprann yon konpetans ou ka sèvi avè l pou tèt ou, epi ou ka transfòme l an yon sèvis tou.

Gen yon lòt fason pou fè lajan ak fòmasyon an menm

Anplis sèvis kat la, mwen prezante yon fason pou fè lajan dirèkteman ak fòmasyon sa a menm.

Mwen esplike mekanis lan anndan leson yo, pou moun ki vle sèvi avè l kòm yon lòt opòtinite biznis.

Sa w ap jwenn anndan fòmasyon an

  • 18 leson videyo an Kreyòl ak demonstrasyon pratik sou ekran.
  • Plizyè fason pou jwenn kat vityèl ak fizik.
  • Opsyon atravè bank ak plizyè platfòm diferan.
  • Fason pou jwenn kat sou non pa w kote opsyon an pèmèt sa.
  • Metòd mwen itilize pou rechaje ak MonCash/NatCash.
  • Fason pou suiv epi jere tranzaksyon ou.
  • Opsyon ki sèvi ak LLC, ansanm ak opsyon ki pa mande LLC.
  • Kijan pou ede kliyan jwenn kat kòm yon sèvis.
  • Yon fason mwen prezante pou fè lajan ak fòmasyon an menm.
  • Nouvo leson ak mizajou ki ajoute pita nan fòmasyon an.

Pwogresyon

Leson yo, nan lòd pou w suiv yo.

18 leson videyo

Leson fòmasyon an

18 leson videyo

  1. 1

    Premye Mo (intro)

  2. 2

    3 Tip de kat ki genyen

  3. 3

    Tout Fason ki posib pou w gen kat ayiti

  4. 4

    Premye Fason pou gen kat ayiti - bank ayiti

  5. 5

    Dezyèm Fason pou gen kat ayiti - Kat bank lot peyi

  6. 6

    Twazyèm Fason pou gen kat ayiti - LLC

  7. 7

    Katriyèm Fason pou gen kat ayiti - Kek Platform

  8. 8

    Rezime Tout Fason pou gen kat ayiti

  9. 9

    Koman Pou Kreye Kat Sou Premye platform lan

  10. 10

    Koman Pou rechaje kont ou sou premye platform lan

  11. 11

    Business ou ka fe ak Premye platform lan

  12. 12

    Business #2 ou ka fe ak Premye platform lan

  13. 13

    Platform #2 ki bay kat vityèl (+fizik)

  14. 14

    Platform #3 ki bay kat vityèl (+fizik)

  15. 15

    Platform #4 ki bay kat vityèl (+fizik)

  16. 16

    Plizyè Lot platform ki bay Kat Vityèl + fizik

  17. 17

    Koman pou fe lajan ak platform yo + fomasyon saa

  18. 18

    Denye Mo (outro)

Fòmasyon an pa rete bloke nan 18 leson videyo sa yo

Platfòm yo chanje. Nouvo solisyon parèt. Gen sèvis ki vin pi enteresan, epi gen lòt ki chanje fason yo fonksyone.

Se poutèt sa mwen kontinye mete fòmasyon an ajou.

Lè mwen jwenn yon nouvo opsyon mwen panse ki itil, oswa gen yon chanjman enpòtan nan youn mwen deja montre, mwen ka ajoute yon nouvo leson pou esplike li.

Si ou deja achte fòmasyon an, nouvo leson sa yo antre nan aksè ou san ou pa achte fòmasyon an ankò.

Valè ak aksè

Yon sèl peman. Aksè pou tout tan apre acha dirèk.

Pou pri sa a, ou jwenn 18 leson videyo aktyèl yo, demonstrasyon yo, metòd mwen prezante yo ak mizajou ki ajoute nan fòmasyon an pita.

9 750 Goud15 000 Goud

Yon sèl peman.

Aksè pou tout tan apre acha dirèk.

Nouvo leson ki ajoute nan fòmasyon an disponib pou moun ki deja gen aksè.

Pa rete ap chèche yon lòt moun chak fwa ou bezwen fè yon peman sou entènèt.

Aprann kijan pou jwenn opsyon kat pa w, rechaje yo, kontwole tranzaksyon ou, epi sèvi ak menm konesans lan pou ede lòt moun si ou vle.

Yon sèl peman · Aksè pèmanan